Ex Sekretè de Près Lamezonblanch Jen Psaki Pral Travay pou MSNBC

0


Foto Achiv: Jen Psaki pale pandan yon konferans de pres nan Lamezonblanch nan Washington, 9 Mas, 2022.

Ansyen Sekretè de Près Lamezonblanch la, Jen Psaki siyen yon kontra ak chèn televizyon MSNBC. Li gen pou'l parèt nan pwogram rezo a epi anime yon nouvo pwogram.

Met sou sa, Psaki va parèt nan pwogram espesyal NBC ak MSNBC anivaje difize pandan eleksyon mi-manda yo epi eleksyon prezidansyèl 2024 la.

Psaki te pase premye 16 mwa admnistrasyon Biden nan kom pòt pawòl. Anvan sa li te direktris kominikasyon Lamezonblanch la anba ansyen prezidan Barack Obama. Madan Psaki tou te okipe pòs pòt pawòl Depatman d'Eta.

You may like these posts

No comments